Sèvis Nou Bay
Achiv Ayisyen-Ameriken
Nou dokimante reyalite kominote ayisyen-an, fason lap ogmante, jan moun yo ap fonksyone, pwoblèm ki egziste, ak pwogrè ki fèt.
Aksè a swen sante
Sant La fè kanpay sou kijan moun ka jwenn sèvis sante. Nou gen ajan lasante ki la pou konekte kominote an ak sèvis yo bezwen. Sant La bay asistans ak aplikasyon pou Medicaid, KidCare, ak asistans finansye. Pou tout moun ki eligib pou sèvis sa yo nan kominote-a.
Aksè a travay
Pwogram sila aprann kliyan nou yo meyè fason pou yo jwenn travay, depi sou ranpli aplikasyon, prepare entèvyou, i konpri, abiman ak konpòtman, rive sou preparasyon rezime (CV).
Angajman Sivik
Sant-La bay seminè nan legliz ak nan lekòl yo sou kouman sistèm gouvènman Ameriken-an fonksyone. Objektif foròm ki òganize pou granmoun ak jenn moun yo se pèmèt kominote-a patisipe aktivman nan tout bagay ki konsène l. Sant-La fè prezantasyon pou gaye enfòmasyon nan la ri-a, li distribye anpil feyè pou ede moun yo nan plizyè domèn tankou zafè ledikasyon, dwa ak devwa tout moun genyen. Sant-La ankouraje tout moun nan kominote-a pou chita ansanm reflechi sou tout bezwen yo, epi, di mo pa yo, sou tout desizyon ki konsène la vi yo.
Sèvis Referans
Sant-La ofri tout Ayisyen ki nan Sid Florid la bon jan enfòmasyon, epi voye yo egzakteman kote pou yo pran sèvis yo bezwen.
Piblikasyon sou Bezwen Kominotè
Sant-La fè sòti plizyè dokiman konsekan pou kominote-a, tankou sa ki gen rapò a swen sante ak lòt sijè ki konsène Little Haiti (Ti Ayiti). Sant-La mete osèvis tout piblik-la, yon bilten ki bay enfòmasyon sou: resous ki genyen nan kominote Ayisyen-an ki nan Sid Florid-la, sèvis òganizasyon yo bay, jan pou pran kontak ak yo. Sant La te fè anpil rechèch pou li rive kolekte bon jan enfòmasyon sou kominote Ayisyen pou prepare piblikasyon dokiman sa yo.
Gaye enfòmasyon ak ledikasyon nan tout kominote-a
Nou bay moun yo asistans ak enfòmasyon sou anpil bagay konsekan tankou: kouman pou leve timoun, ede moun reyòganize yo apre yo fin soti anba yon move tan, ede moun ki viktim krim ak vyolans, moun kap chèche yon lavi miyò, sipòte moun ki bezwen jwenn èd pou zafè swen sante ak transpòtasyon.
Konpetans pou nou ede lòt òganizasyon nan zafè jesyon
Sant-La sipòte lòt òganizasyon de baz yo, nan bayo fòmasyon pou òganizasyon imanitè sa yo ka rive jere travay yap fè pi byen.
Louvri je moun sou kouman pou jere lajan ak lòt byen yo genyen
Sant-La òganize seyans travay sou zafè: fè ekonomi, epi jere lajan ak byen moun genyen. Sijè ki debat yo se: kouman pou moun jere bidjè, kredi kat, mògej ak prè labank`. A travè yon kanpay ki batize ‘’ Kanpay Pwosperite ,’’ Sant-La ranpli ennkònm taks pou moun, gratis ti cheri.
Oganizasyon/Gwoup ki met tèt yo ansanm pou yo travay
Sant-La devlope yon rezo kote yon gwoup patnè mete sou pye bon jan estrateji pou ede kominote Ayisyen-an, chèche solisyon ki koresponn a bezwen yo.
Plede kòz ki pou fè kominote-a jwen pi bon lekòl
Sant-La ap goumen pou ka gen bon jan chanjman nan zafè ledikasyon pou kominote-a, epi tou pou kominote sa-a ka gen mo pal pou li di, nan tout sa ki konsène lekòl ki nan vwazinaj-li.
Pwogram Ranfòsman pou paran
Yon pwogram konbine kap kore paran yo ak nouvo teknik ak estrateji pou pèmèt yo ede pitit yo pi byen (10 pou 14 zan) pandan peryòd adolesans yo. Ni paran, ni timoun yo ap patisipe nan aktivite kap edike yo, kap detann yo tou. An menm tan, pwogram nan ofri sèvis klinik pou paran ak jèn yo ki gen laj 11 pou rive17 lane ki ap lite ak pwoblèm sosyal, ekonomik, emosyonel.